AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Jean-Kévin Duverne deja fè yon fo pa avèk Omonia Nicosie

imaj atik la

22 dawout 2026   Neuvième Junior   1447

Aprè plizyè sezon ap evolye nan diferan chanpyona, Jean-Kévin Duverne ap viv yon nouvo chapit nan karyè li ak Omonia Nicosie, nan zile Chip. Defansè ayisyen an, ki glise ak nouvo klèb li an, t ap jwe avan sa sou koulè Gent. Aprè pasaj sa, li antre nan klèb la nan mwa dawout 2026, avèk yon kontra ki ap dire jiska 2028.


Aprè plizyè sezon ap evolye nan diferan chanpyona, Jean-Kévin Duverne ap viv yon nouvo chapit nan karyè li ak Omonia Nicosie, nan zile Chip. Defansè ayisyen an, ki glise ak nouvo klèb li an, t ap jwe avan sa sou koulè Gent. Aprè pasaj sa, li antre nan klèb la nan mwa dawout 2026, avèk yon kontra ki ap dire jiska 2028.

Nan Lig Ewopa, Omonia rive nan faz baraj la, kote yo rankontre Sint-Truiden ki soti nan Bèljik. Nan premye manch la, ki te jwe ayè jedi an, Omonia pèdi 1-0 deyò lakay li. Duverne kote pa l, te titilè sou bò dwat klèb la e li te fini pati a ak yon katon jòn li te resevwa nan 51èm minit.

Yon dènye chans pou koyekipye Duverne yo

Bon nouvèl la, tout bagay poko fini! Dezyèm manch lan, ki ap mete ekip bèj la fas klèb chip la, ap fèt 27 dawout 2026 la nan GSP Stadium lan, lakay Omonia. Rankont sa, UEFA konfime l kòm pwochen randevou Duverne nan Lig Ewopa. Konsa, defansè ayisyen an ak konfrè ekip li yo, ap gen yon lot okazyon pou tante chanje sitiyasyon an e pase etap sa toutfwa yo reponn fas advèsè yo a.

Objektif Omonia Nicosie

Omonia bezwen remonte defisi 1-0 a, pou l pran plas nan faz gwoup lig Ewopa. Si yo elimine, yo deja garanti yon plas nan konferans Lig la ki se yon lot konpetisyon ewopeyen.

Sa li reprezante pou Jean-Kévin Duverne ak foutbòl ayisyen an

Pou Jean-Kévin Duverne, se yon bèl opòtinite pou l montre eksperyans li sou sèn ewopeyen an epi pote plis solidite nan defans Omonia. Pou foutbòl ayisyen an, se yon lòt jwè entènasyonal nou ka swiv nan yon gwo konpetisyon UEFA tout fwa yo ta rive kalifye pou al jwe dezyèm pigwo konpetisyon ewopeyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou