AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Al Nassr reyalize yon remontada avèk yon João Felix pasè desizif e yon bon Mané bitè

imaj atik la

25 dawout 2026   Neuvième Junior   1056

Wi e wi! Al Nassr reyalize yon remontada ekstraòdinè kont Al-Ettifaq jodi madi a nan match avanse 3zyèm jounen Saudi Pro League la. Eksplwa sa jòn yo fè a rive gras ak Sadio Mané epi João Felix, malgre ekip la t ap jwe prèske tout match la ak 10 jwè.


Wi e wi! Al Nassr reyalize yon remontada ekstraòdinè kont Al-Ettifaq jodi madi a nan match avanse 3zyèm jounen Saudi Pro League la. Eksplwa sa jòn yo fè a rive gras ak Sadio Mané epi João Felix, malgre ekip la t ap jwe prèske tout match la ak 10 jwè.

Gras ak Senegalè a, Al Nassr ranpòte yon bèl viktwa 3-2, aprè advèsè a t ap mennen 2-0 depi nan premye peryòd la kont yon ekip kite redui a 10 depi nan 12 premye minit jwèt la.

Sadio Mané pran kontwòl la

Nan kòmansman match la, Al Nassr te pran yon gwo kou depi 12èm minit. Lè sa, gadyen an Bento te resevwa katon wouj pou anpeche jwè advès la make yon gòl. Ak diferans grenn jwè sa, Al-Ettifaq pwofite sitiyasyon an pou l te mennen 2-0 avan poz la gras ak gòl Ondřej Duda epi Álvaro Medrán te make.

Yon lòt istwa nan dezyèm mitan

Nan dezyèm peryòd la, Sadio Mané te revòlte pandan l te lanse remontada a nan 74èm minit, sou yon aksyon João Félix te byen prepare e sèvi l. Twa minit aprè, Abdulelah Al-Amri egalize pou Al Nassr 2-2 gras ak yon kònè João Félix te depoze sou tèt li.

Rive nan 90zyèm minit, Mané retounen ankò! Li pwofite yon kont atak ekip li a t ap mennen pou l te make dezyèm gòl pèsonèl li epi bay Al Nassr viktwa a 3-2 kont Al-Ettifaq kite gen avantaj la sou tout ang.

Avèk remontada sa, ekip Cristiano Ronaldo a montre karaktè, pandan ak 10 jwè, 2 gòl dèyè, yo retounen pou pran 3 pwen yo. Sadio Mané se ewo nwit la, e CR7 te kite tèren an depi nan 46èm minit.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou