Nan match Frantzety Herard jwe wikenn sa kont CSKA 1948 lan, li te mete non li pou FK Septemvri Sofia, ki pa t rate okazyon pou ranpòte yon viktwa enpòtan 1-0 nan 6èm jounen chanpyona Bilgari a. Konsa, li pwofite enskri premye gòl li an ewòp.
Nan match Frantzety Herard jwe wikenn sa kont CSKA 1948 lan, li te mete non li pou FK Septemvri Sofia, ki pa t rate okazyon pou ranpòte yon viktwa enpòtan 1-0 nan 6èm jounen chanpyona Bilgari a. Konsa, li pwofite enskri premye gòl li an ewòp.
Ewo Septemvri a : Frantzety Herard
Nan 59èm minit, atakan ayisyen an kite nan jou l, te resevwa yon pas an pwofondè nan men Yoan Baurenski. Sou pas sila, Herard pran espas epi antre sou bò gòch la, avan l fè yon bon mouvman pou elimine defansè CSKA 1948 la. Li ta pral voye yon bèl frap nan kwen byen lwen pou bay Septemvri avantaj la 1-0.
Pi entèresan toujou, Herard te prèske ajoute yon dezyèm gòl nan 84èm minit. Poutan, abit la te anile aksyon an pou pozisyon òje.
Yon pèfòmans ki pote 3 pwen
Gòl sa talan ayisyen an te fè a te ase pou Septemvri pran 3 pwen an, pandan CSKA 1948 te sibi premye defèt li nan chanpyona a sezon sa. Herard li menm te rive resevwa distenksyon jwè match la, paske gòl li a te desizif.
Herard, ki jwe kòm elye goch, se yon jwè ayisyen ki fèt mibalè e ki gen 24 lane. Li te antre nan Septemvri an 2026, epi kontra li pwolonje jiska fen 2028. Grenn gòl sa vini premye gòl jèn pwodij ayisyen an make nan kontinan ewopeyen an nan karyè l.
Pou foutbòl ayisyen an
Sa se yon gwo moman pou Frantzety Herard : yon gòl ki desizif pou bay yon bèl viktwa kont yon ekip ki t ap fè yon bon kòmansman sezon, epi fini ak tit meyè jwè match la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou