Klèb ayisyen an Violette Athletic Club ap byen flote drapo Grenadye yo nan konpetisyon CONCACAF la.
Klèb kapital la ki sot rafle ni final ouvèti ak final kloti Ligue Haïtienne lan ap montre lòt klèb nan Karayib la ki bwa li chofe. Pou 2 premye sòti yo nan konpetisyon Caribean Cup la, Violette metrize tou 2 premye advèsè li yo.
Pou premye match la yo te jwe fas yon klèb ki sòti nan peyi Trinidad ak Tobago ki pote non Defence Force FC. Vye tig yo kraze ak fòs defans Defence Force FC 3-0. Yon viktwa ekstrawòdinè pou premye sòti jwè ayisyen yo nan konpetisyon an.
Pou dezyèm rankont yo, Violette AC te twoke kòn li ak yon klèb dominiken ki pote non Delfines Del Este FC. Pou yon dezyèm fwa ankò nou defile yon lòt kapèt viktwa nan konpetisyon an. Klèb Violette la bwè klèb dominiken tankou bòl soup joumou premye janvye.
Pou 2 premye match nan gwoup la Violette sèl chèf òkès ak 6 pwen. Yo make 4 gòl san yo pa pran.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou