Kredi Foto: @Le Mans FC
Nan okazyon premye jounen Coupe LFFP a nan peyi Lafrans, Roxanne Vilain ak Anyssa Ibrahim patisipe nan viktwa 3-0 Le Mans fè jodi dimanch lan kont Grenoble Foot 38. Yon fason pou byen lanse yo nan sezon an ki deja pral long avèk tout konpetisyon nasyonal ki genyen yo.
Pou lansman ofisyèl sezon 2026-2027 la, de entènasyonal ayisyèn yo te titilè avèk Mans FC ki genyen Grenoble Foot 38 gras ak twa gòl Sana Guermazi, Fanny Hoarau ak Charlotte Faity make.
Pou Roxanne Vilain, match sa gen yon gou espesyal dèske se premye match li kòm jwez pwofesyonèl. Defansè entènasyonal ayisyèn 24 lane a jwe tout match la epi kontribiye nan ede Mans FC kenbe filè l san tranble.
Anyssa Ibrahim nan menm moman an kontinye pran plas nan efektif Mansèl yo. Mitan tèren ayisyèn lan jwe 88 minit nan rankont sa e pwofite yon lòt fwa ankò mete kalite teknik li pou sèvi ekip li.
Annatandan retou Seconde Ligue la, San ak Lò yo gentan montre l pa p vin jwe sezon sa. Aprè yo te rate okazyon pou te monte nan premye divizyon sezon pase, dirijan Le Mans yo deside mete tout pwa yo nan balans lan pou reyisi sezon sa.
Roxanne Vilain kòm chèf defans, Anyssa Ibrahim k ap pase balon nan mitan tèren an epi Amélie Joseph pou mete balon nan filè, Grenadye yo pral jwe yon wòl detèminan nan sezon Mans FC konte fè a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou