AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Carl-Henry Elie lanse yon refleksyon sou avni abitraj la an Ayiti

imaj atik la

25 dawout 2026   Steve Pierre   943

Ansyen abit entènasyonal FIFA ak CONCACAF la, Carl-Henry Elie, pataje yon refleksyon sou paj Facebook li kote li soulve kesyon sou fason eksperyans ansyen abit yo valorize ann Ayiti aprè yo fin mete fen nan karyè yo sou teren an.


Nan mesaj li a, Carl-Henry Elie fè konnen nan plizyè peyi, federasyon yo mete anplas mekanis pou pèmèt abit ki rive nan nivo entènasyonal kontinye sèvi foutbòl la kòm enstriktè, evalyatè oswa sipèvizè. Selon li, sa pèmèt yo transmèt konesans ak eksperyans yo bay nouvo jenerasyon abit yo.

Men, li estime tranzisyon sa a rete difisil an Ayiti. San li pa site okenn non ni lanse okenn akizasyon, ansyen abit la fè remake ke eksperyans, konpetans ak endepandans kèk ansyen abit pafwa pa jwenn plas yo merite nan devlopman abitraj nasyonal la.

Carl-Henry Elie raple Ayiti deja pwodui plizyè gwo abit ki te reprezante peyi a nan pi wo nivo entènasyonal yo. Pou li, kesyon ki merite poze se kijan abitraj ayisyen an kapab kontinye pwogrese si eksperyans moun ki deja trase chimen an pa ase valorize.

Nan refleksyon li a, li ensiste sou nesesite pou bati yon sistèm kote merit, konpetans, eksperyans ak transmisyon konesans yo ta dwe nan tout desizyon y ap pran yo. Li kwè Ayiti ta dwe genyen plis enstriktè, evalyatè ak sipèvizè entènasyonal ki sòti dirèkteman nan mitan ansyen abit ayisyen yo.

Li konkli lè li fè konnen mesaj li a pa vize okenn moun, men li se yon apèl pou reflechi sou avni abitraj ayisyen an. Daprè li, lè eksperyans pa transmèt bay jenerasyon k ap vini yo, se tout foutbòl ayisyen an ki pèdi yon opòtinite pou grandi.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou