AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Wolverhampton fè premye viktwa pou sezon an san prezans Jean Ricner Bellegarde

imaj atik la

23 dawou 2026   Benswilkenson Jean   972

Pou sezon sa Wolves yo desann nan dezyèm divizyon chanpyona anglè a aprè yon sezon 2025-2026 katastrofik nan Premier League la. Grenadye a poko jwe ak yo.


Mitan tèren ayisyen an Jean Ricner Bellegarde poko ka pile tèren ak klèb li a nan Championship la nan peyi alAngletè. Pa gen okenn enfòmasyon bò kote klèb la pou konnen si jwè a blese men menm nan antrènman Grenadye a pa patisipe ak Wolves yo.

Pou sezon sa yo deja jwe 2 premye match yo nan dezyèm divizyon an yo fè yon viktwa ak yon nil. Prezans Grenadye a pa t sou okenn nan fèy match sa yo.

Okenn enfòmasyon pa di ki pwoblèm jwè a genyen ki koz li poko reprann antrènman ak ekip la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou