Derrick Etienne Jr. ak Lovend’s Delinois te kwaze samdi swa nan yon bèl afich MLS la, kote Toronto FC te deplase sou tèren Inter Miami. Konfwontasyon an te gen yon siyifikasyon espesyal pou foutbòl ayisyen an, paske li te mete de entènasyonal ayisyen fas pou fas nan menm match la.
Toronto FC sòti ak yon viktwa 2-1 sou Inter Miami nan Nu Stadium nan, Derrick Etienne Jr. te jwe yon wòl enpòtan nan siksè ekip kanadyen an. Aprè Josh Sargent te louvri eskò a nan 59èm minit, entènasyonal ayisyen an double avantaj Toronto a sèlman twa minit aprè, nan 62èm minit.
Derrick Etienne te kòmanse match la. Gòl li a te mete Toronto nan yon pozisyon favorab e li te vin youn nan moman kle nan viktwa ekip la. Li te kite teren an nan 86èm minit.
Anfas li, jèn Ayisyen Lovend’s Delinois te antre nan dezyèm peryòd la pou Inter Miami. Delinois te kòmanse sou ban l anvan antrenè a te voye l sou teren an nan 73èm minit nan plas Luis Suárez. Malgre efò Inter Miami pou retounen nan match la, ekip la pa t rive evite defèt la.
Lionel Messi te redwi eka match la lan nan 82èm minit, men Toronto te kenbe avantaj la jiska kout siflè final la pou l ranpòte yon viktwa 2-1.
Pou foutbòl ayisyen an, prezans Etienne ak Delinois nan menm rankont lan rete yon imaj enpòtan. Youn se yon entènasyonal ki deja gen eksperyans sou pi gwo sèn yo, pandan lòt la ap kontinye pran eksperyans nan MLS la. Fwa sa, se Derrick Etienne Jr. ki sòti kòm gwo gayan an, avèk yon gòl ki kontribye dirèkteman nan viktwa Toronto FC.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou