Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Pandan wikenn sa, sizyèm jounen Saudi Pro League la te kontinye fè chimen pou avanse ak chanpyona. Nan kad 6èm rankont yo, te gen plizyè randevou ki planifye ant klèb yo. Ladan yo, gen Al Ahli, Al Taawoun, Al Fateh pou n site sa yo sèlman ki fè viktwa. Lidè konpetisyon an Al Nassr kontinye pakou san fot li a.

Avan dènye rankont jounen sa ki voye Al-Nassr lakay Al-Hazem, lòt klèb ki angaje yo nan SPL la te toke kòn yo ak advèsè yo. Depi nan Jedi, te gen 3 match pou ouvèti jounen sila. Gras ak Al-Buraikan Al-Ahli te rive fè viktwa (1-0) sou Al-Najma, Al Riyad gen rezon sou (1-0) kont Al-Kholood pandan Al-Taawoon chavire Al-Fayha (2-1).
Nan kontinite 6èm jounen sa ayè samdi an, Al-Fateh genyen ekip Wijnaldum nan ki se Al-Ettifaq (2-1), Neom SC konnen yon nil (1-1) ak Al-Khaleej avan Al-Hilal rive pase men sou Al-Ittihad (2-0) nan match chòk dè titan an.
Pou boukle joune sa ki te gen 9 rankont planifye ant diferan ekip, Al-Qadsiah fè yon fo pa (0-0) fas Al-Okhdood, Al-Shabab echwe kont Damac (1-1) jodi a. Match 6èm jounen sa yo konnen sèlman 2 katon wouj, youn se ekip Al-Okhdood la alòske lòt la se Damac ki te sibi l. Dènye match ki te planifye pou fini ak tout bagay jodi a, se Al-Nassr ki bat Al-Hazem (2-0) an deplasman.
Apre 6 jounen, Al-Nassr premye ak 18 pwen pou 6 viktwa sou 6, Al-Taawoon dezyèm ak 15 pwen epi Al-Hilal okipe 3èm pozisyon an ak 14 pwen. Al-Ahli 5èm pandan Tig yo twouve yo nan 7èm plas lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou