ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

João Félix ki te pran wout Al Nassr deja relanse karyè l nan SPL la

imaj atik la

23 oktòb 2025   Neuvième Junior   992

Pandan mèkato a te lanse, João Félix te gen sou wout li Benfica ki t ap tann li pou ofri l yon kontra. Men avèk klèb sawoudyen an ki te foure kò l nan dosye a, sa pa t rive fèt. Nan ka sa, pòtigè a ki te apresye pwojè Al Nassr an, te pran wout kontinan Azi a pou relanse karyè l.


Nan demaraj karyè pwofesyonèl João ak klèb Benfica, li te parèt ak tout yon limyè k ap klere chimen l jis Atletico Madrid te wè l e mande pou li. Aprè demand lan, ATM te depanse yon gwo sòm pou l te jwenn sèvis João. Malerezman jwè Pòtigè a pa t rive enpoze l sa ki te lakoz direksyon klèb la prete l ak lòt klèb pou wè nan ki mezi li ta rive enpoze l nan jwèt li. Malerezman sa pa t mache.

Malgre sa, Chelsea ki se klèb anglè a te fè chwa achte Félix nan men ATM. Aprè acha a, klèb Milan AC a te jwenn sèvis li sou fòm prè pou ak entansyon pou yo achte l tout fwa si l te rive konvenk yo. Fas ak atant sa, João ki pa t konvenkan te oblije tounen nan peyi Angletè aprè sa pou li rejwenn klèb Al Nassr a ki te deside achte l pandan Benfica t ap tann li.

Kòman sa prezante pou João Félix nan SPL la?

Aprè plizyè lane kote tout moun t ap tann yon João Félix k ap fè balon pale nan ewòp la pou jan li te kòmanse, li rive jwenn espwa ak sa li ap pwodwi jounen jodi a nan yon lòt kontinan.

Avèk depa pòtigè a, anpil fanatik te panse li al kondane tèt li nan kontinan azyatik la. Poutan, depi lè jwè a rive nan Al Nassr, li tounen rejwenn volim foutbòl li te pèdi an. Gras ak libète lespri li genyen kounye a, ansyen jwè Chelsea a kòmanse yon sezon ki fè van lespwa simaye lakay fanatik Nadi Al-Shams yo.

Pou premye pati sezon an ki pako menm nan mwatye rankont yo jwe, Félix gentan ap fè sa li pi renmen an ki se make gòl epi ede koyekipye li yo òganize jwèt la. Avèk 9 rankont li deja jwe nan tout konpetisyon Arabi yo, li gentan make 10 gòl pou 2 pas desizif. Pami tout gòl sa yo gen 8 ladan yo se nan SPL la li make yo. João ki sou yon lòt nyaj fè triple pandan 2 fwa ak ekip Al Nassr a ki ap domine premye plas klasman chanpyona Arabi Sawoudit la jiska prezan aprè 5 jounen.

Aprè plizyè lane ap desevwa tout moun, João Félix tounen pou epate tout moun nan fason li ap bay yon pèfomans tèt chaje nan lakou Arabi ak Al-Alami yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou