Kredi Foto: @ASGG
Association Sportive de Grand Goâve (ASGG) deja fini ak seyans deteksyon jwè l pou prepare ouvèti chanpyona dezyèm divizyon an.
Sa gen prèske 10 lane depi chanpyona dezyèm divizyon an kanpe nan peyi a. Pou lane 2026 la daprè enfòmasyon GolAyiti genyen anpil chita pale deja fèt pou redemare chanpyona dezyèm divizyon an. Pandan anpil ekip ap prepare yo piblik la poko jwenn anyen kòm enfòmasyon ofisyèl bò kote otorite espòtif yo.
Pandan tan sa a klèb ki te konn reprezante rejyon Gran Gwav la deja kòmanse prepare l pou echeyans yo. Kalbasye yo te reyalize seyans deteksyon sa yo nan Pak Ferus la nan Gran Gwav nan dat 18 novanm pase a.
Nan jounen deteksyon sa a te gen yon pil jèn ki te vini nan seyans lan pou montre kapasite ak detèminasyon yo.
Pandan plizyè klèb ki te jwe dezyèm divizyon an ap prepare yo GolAyiti ak piblik la toujou ap ret tann dat ofisyèl rewouvèti chanpyona dezyèm divizyon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou