AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Violette AC konfime bèl pèfòmans li nan dèbi nasyonal la

imaj atik la

23 novanm 2026   Gamarck Antoine   797

Violette Athletic Club konfime bèl pèfòmans li nan chanpyona D1 Paryaj Lakay la. Vye Tig yo domine Racing Club Haïtien 3-1 nan dèbi nasyonal la, dimanch 22 novanm nan, pou l anrejistre katriyèm viktwa youn dèyè lòt nan kat premye match li yo.


Racing CH ki te pran devan nan rankont lan, aprè Mackenson Rosier te jwenn ouvèti èsko a nan 28èm minit, epi rantre ak avantaj èsko a nan vestyè. Nan kòmanse dezyèm mitan an Violette pa t pran tan pou l reyaji. Clergé Kelly egalize pou Vye Tig yo nan 49èm minit, anvan ekip la pran kontwòl match la nan dènye pati rankont lan.

S. Morissette mete Violette devan nan 73èm minit, epi Roberto Jean vin bay viktwa plis gou ak yon twazyèm gòl nan 76èm minit, pou pèmèt ekip la ranvèse sitiyasyon an epi asire yon viktwa 3-1.

Avèk kat viktwa nan kat premye sòti li yo, Violette AC voye yon mesaj klè bay konpetitè li yo. VyeTig yo demare sezon an tou limen, epi sanble byen deside jwe wòl prensipal nan batay pou tit la ak 4 match, 4 viktwa, 12 pwen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou