Kredi Foto: @FHF média
Seleksyon nasyonal ayisyèn nan konnen advèsè li a nan kous pou Gold Cup 2027 la. Aprè eliminasyon li nan kadefinal Ligue des Nations CONCACAF la devan Etazini, Grenadye yo pral gen pou yo fè fas ak Nikaragwa nan yon doub konfwontasyon, ale-retou, nan mwa mas 2027 la k ap vini an, pou yo eseye jwenn tikè yo pou konpetisyon kontinantal la.
Kanpay Grenadye yo nan Ligue des Nations an fini sou de defèt devan seleksyon amerikèn nan. Aprè nan match ale a yo te pran (0-6), mesye David Badia yo te tonbe ankò madi swa a, fwa sa a (2-0), nan TQL Stadium, nan Cincinnati. Christian Pulisic ak Julian Hall te make de (2) gòl Etazini yo.
Aprè de (2) rankont sa yo, Ayiti kite konpetisyon an ak yon bilan ki difisil pou vale, kote li resevwa uit (8) gòl san li pa rive make okenn. Men, eliminasyon sa a pa vle di Grenadye yo pèdi tout chans pou yo patisipe nan pwochen edisyon Gold Cup la.
Nan yon nòt Federasyon Ayisyèn Foutbòl la (FHF) pibliye mèkredi 18 novanm nan, enstitisyon an konfime Ayiti pral gen pou l jwe de (2) match baraj kont Nikaragwa pou l eseye jwenn kalifikasyon li. Anons sa a fèt aprè rankont kont Etazini an, pandan delegasyon ayisyèn nan t ap kite Cincinnati pou chak jwè te kapab retounen nan klèb yo.
Aprè defèt kont Etazini an, prezidant Komite Nòmalizasyon FHF la, Madam Monique André, te vizite vestyè seleksyon an pou l te bay jwè yo kèk pawòl rekonfò. Li te pwofite ankouraje Grenadye yo pou yo rete mobilize nan lide pou prepare de (2) pwochen rankont yo kont Nikaragwa.
Pou responsab foutbòl ayisyen yo, objektif la klè : Ayiti pa dwe rate pwochen Gold Cup la.
Doub konfwontasyon kont Nikaragwa a ap dewoule nan mwa mas 2027 la, pandan premye fenèt entènasyonal FIFA pou lane a. Grenadye yo ap oblije fè yon pi bon rezilta pase advèsè yo a sou total de match yo pou yo valide plas yo nan Gold Cup la.
Baraj sa yo antre nan dispozisyon CONCACAF la mete an plas pou distribye dènye tikè ki rete pou konpetisyon an. An total, 14 seleksyon ap patisipe nan sèt konfwontasyon ale-retou, kote sèt (7) ekip ki genyen yo ap jwenn kalifikasyon yo.
Gold Cup 2027 la prevwa dewoule soti 17 jen pou rive 11 jiyè 2027. Aprè desepsyon Grenadye yo sibi devan Etazini, rankont kont Nikaragwa yo ap reprezante yon nouvo okazyon pou seleksyon an rebondi. De match, yon sèl objektif : jwenn tikè pou Gold Cup la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou