Kredi Foto: @GolAyiti
Malgre Racing Club Haïtien poko jwenn okenn viktwa aprè kat premye jounen seri ale chanpyona nasyonal la, Mackenson Rosier kontinye fè travay li devan gòl la. Atakan an make nan chak rankont ekip la jwe, sa ki fè li tounen prensipal zam ofansif Vye Lyon yo.
Kat (4) match, de (2) match nil, de (2) defèt. Se bilan Racing Club Haïtien nan kòmansman seri ale chanpyona nasyonal premye divizyon an. Avèk senk (5) gòl make kont uit (8) gòl li pran, Vye Lyon yo ap viv yon demaraj difisil. Men, nan mitan move rezilta sa yo, Mackenson Rosier kontinye kenbe tèt li deyò dlo a.
Atakan an jwenn filè yo nan chak kat (4) rankont ekip la jwe yo. Li te kòmanse ak yon gòl depi 22èm minit kont Don Bosco nan premye jounen an, nan yon match ki te fini (2-2). Nan dezyèm jounen an, li te egalize nan 72èm minit kont América des Cayes, yon match Racing te pèdi (2-1), nan Land des Gabions an.
Nan twazyèm jounen an, Rosier te parèt yon lòt fwa ankò pou l pèmèt ekip li a pran yon pwen devan Cavaly (1-1). Dènye demonstrasyon li an rive ayè dimanch 22 novanm nan, nan gwo dèbi nasyonal la, lè li te louvri eskò a nan 28èm minit kont Violette AC. Malerezman pou Racing, Vye Tig yo te reyaji nan dezyèm mitan an pou l ranpòte match la (1-3).
Avèk kat (4) reyalizasyon sa yo, Mackenson Rosier responsab 80% nan senk (5) gòl Racing Club Haïtien make depi kòmansman konpetisyon an. Sèl lòt jwè ki rive jwenn filè yo pou klèb la se Joseph Delgado, ki te make kont Don Bosco.
Regilarite sa a mete Rosier nan mitan atakan ki pi efikas nan chanpyona a jiskaprezan. Aprè katriyèm jounen an, se li ki nan tèt klasman bitè yo, dèyè li gen Clavens Exantus, nan Violette AC, avèk twa (3) gòl. Gen Rapha Intervil ak Angelo Exilus toude ki nan Real Hope FA. Aprè sa Roberto Jean ak Jean Simon Morisette toude tou ki nan Violette AC, san bliye Ronaldo Philippeaux ki nan Juventus des Cayes, chak mesye sa yo gen de (2) gòl.
Men, pèfòmans endividyèl Rosier yo poko rive chanje sitiyasyon kolektif Racing lan. Kat match san viktwa, sèlman de (2) pwen sou douz (12) posib, ansanm ak uit (8) gòl ekip la deja pran, montre difikilte Vye Lyon yo ap rankontre. Defans lan sitou bezwen jwenn plis estabilite pou efò atakan an pa kontinye pèdi valè sou plan rezilta.
Pandan chanpyona a ap kontinye, defi Racing lan se jwenn yon pi bon ekilib ant atak ak defans. Rosier deja montre li kapab reponn devan gòl la, menm lè ekip la ap soufri. Kounye a, se tout rès ekip la ki dwe ede transfòme efikasite atakan ekip la an viktwa.
Jiskaprezan, Mackenson Rosier pa janm kite Racing san yon gòl. Men, Vye Lyon yo bezwen plis pase sa pou yo sòti nan move pasaj sa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou