AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Don Bosco nan gwo difikilte

imaj atik la

23 novanm 2026   Gamarck Antoine   821

Don Bosco FC ap travèse yon kòmansman sezon difisil anpil nan chanpyona D1 Paryaj Lakay la. Aprè kat match ki deja jwe, ekip Petyonvil la gen yon bilan ki enkyetan, ak twa defèt youn dèyè lòt, yon sitiyasyon ki mete presyon sou antrenè Nathoux Jr ak tout gwoup la.


Dènye kou a se America FC des Cayes ki bay li. Ayè, nan Land des Gabions an deplasman, jòn ak nwa yo tonbe 1-0, san yo pa rive jwenn yon repons pou evite yon lòt sòti san pwen.

Bilan Don Bosco a aprè kat jounen se yon nil, 3 defèt, 4 gòl make pou 10 gòl li pran, sa ki bay yon diferans -6. Chif sa yo tradwi difikilte ekip la ap rankontre depi kòmansman sezon an, ni nan rezilta yo, ni nan solidite defansif li.

Pou yon ekip ki abitye jwe wòl enpòtan nan foutbòl ayisyen an, demaraj sa se yon gwo sous enkyetid. Don Bosco poko rive jwenn fòs li, epi chak nouvo defèt ap rann sitiyasyon an pi konplike.

4 match, 3 defèt, yon nil , sa ki bay yon pwen sou 12 pwen ki te posib. se yon bilan ki deja bay anpil kè sote. Don Bosco bezwen reyaji rapid pou l pa kite move kòmansman sezon sa tounen yon kriz ki pi pwofon.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou