AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Amandine Pierre-Louis fè premye aparisyon li sou tèren ak Roses de Montréal yo

imaj atik la Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)

31 Jiyè 2026   Jacky Chéry   1707

Entènasyonal ayisyèn Amandine Pierre-Louis jwe premye match li ak Roses de Montréal yo nan sware mèkredi 29 jiyè a, nan yon viktwa 4-3 ekip li a ranpòte kont Vancouver Rise FC nan Northern Super League la.


Defansè 31 lane a te antre nan match la nan dezyèm mitan rankont la (63’), anviwon 24è sèlman aprè klèb Monreyal la te anonse transfè sa. Premye aparisyon sa make retou Amandine Pierre-Louis nan vil kote li fèt la, aprè plizyè sezon li pase ap evolye deyò, prensipalman nan peyi Lafrans.

Ansyen Estefanwaz la, k ap reprezante seleksyon nasyonal fanm Ayiti a depi 2023, rive nan Roses yo ak eksperyans li pran pandan pakou pwofesyonèl li nan plizyè klèb tankou FC Metz, Rodez ak AS Saint-Étienne an Frans, ansanm ak Slavia Prague nan peyi Repiblik Tchèk.

Yon nouvo paj ki louvri nan karyè defansè entènasyonal ayisyèn lan, ki pral kapab kenbe fòm li pou non sèlman jwenn yon plas titilè nan efektif Roses de Montréal yo, men tou prepare pwochen randevou ekip nasyonal la k ap gen pou jwe eliminatwa Koup Dimond fanm Brezil 2027.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou