AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Aprè twa mwa absans, Kethna Louis anonse li nan wout pou tounen

imaj atik la

10 janvye 2026   Steve Pierre   888

Bon nouvèl pou foutbòl fanm ayisyen an. Aprè prèske twa (3) mwa lwen konpetisyon an akoz li te blese, Kethna Louis anonse li antre nan yon faz repriz endividyèl, yon etap enpòtan anvan li retounen antrene ak gwoup li a.


Sou kont Facebook ofisyèl li, jwez ayisyèn nan pataje nouvèl la ak anpil rekonesans : « Après trois mois d'arrêt, j'entame une phase de reprise individuelle avant de retrouver le groupe. Thanks God ». Yon mesaj ki soulaje fanatik yo, sitou aprè yon peryòd difisil kote jwè a te oblije rete deyò teren.

N ap raple w, Kethna te blese pandan match Montpellier HSC kont ekip Strasbourg la, nan kad 4èm jounen Arkema Première Ligue la, jou ki te 4 oktòb 2025 lan. Li te oblije kite teren an aprè sèlman 15 minit, yon sèn ki te lakòz anpil enkyetid ni pou klèb li a ni pou seleksyon nasyonal la.

Depi lè sa a, Grenadyè a pa t rejwenn teren an ankò. Absans li te santi tou nan seleksyon ayisyèn nan, kote li te rate de (2) randevou enpòtan : kont Mawòk 28 oktòb 2025 , epi kont Beliz 30 novanm 2025.

Jodi a, ak kòmansman faz repriz endividyèl sa, Kethna Louis ap fè yon pa enpòtan sou wout tounen li. Si tout bagay mache byen, li ta ka byento rejwenn gwoup la, ni ak klèb li ni, petèt, ak seleksyon an nan mwa mas, pou kontinye pote kontribisyon li nan devlopman foutbòl fanm ayisyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou