AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Batcheba Louis monte nan premye divizyon ak klèb li a nan peyi Angletè

imaj atik la

02 me 2026   Benswilkenson Jean   794

Meyè bitè seleksyon nasyonal fanm lan Batcheba Louis monte nan premye divizyon ak klèb li a Birmingham City nan chanpyona anglè a


Fanm Grenadye a te rejwenn ekip la nan kòmansman sezon an nan dezyèm divizyon chanpyona fanm anglè a. Birmingham City reyisi monte nan premye divizyon chanpyona fanm anglè a kòm chanpyon sezon sa nan dezyèm divizyon an.

Birmingham fini sezon an ak 44 pwen sou 22 match li jwe yo. Atakan ayisyèn lan Batcheba Louis te jwe 19 ladan yo, li make 4 gòl.

Atakan ayisyèn lan ki gen 28 lane, pral reyisi jwe nan premye divizyon chanpyona anglè a sezon ki ap vini an ak klèb la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou