AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

FHF kreye yon nouvo estrikti pou jèn yo

imaj atik la Kredi Foto: @FHF

02 me 2025   Benswilkenson Jean   436

Fédération Haïtienne Football la kreye yon nouvo estrikti ki pote non "Departement du football jeune" yon fason pou ede foutbòl jèn yo nan peyi a.


Anviwon 2 jou aprè patisipasyon yon pati nan estaf Federasyon an nan 76èm kongrè FIFA a, FHF la deja fòme yon nouvo estrikti anndan federasyon an.

Estrikti sila a ki konsène jèn yo, pote non Depatman foutbòl jèn. Moun ki nan komite estrikti sa a gen ladann:
-Fleurant Antoine (Prezidan)
-Saint Surin Richard (Vis Prezidan)
-Ricardo Pierre Louis (Kòdonatè)
-Vanessa Gabriel Michel Jean (Responsab Sovgad)
-Katia Saint Gilles (manm).

Ki wòl depatman foutbòl jèn lan?
Daprè kominike ofisyèl FHF la sou koze sa a, depatman sa gen divès misyon. Pami yo pral travay pou ede foutbòl jèn yo pwogrese nan peyi a.
Men misyon yo:
-Mete an mach ypn politik nasyonal sou devlopman foutbòl jèn yo selon règ estanda entènasyonal la.
-Idantifye, anrejistre epi swiv jèn talan yo atravè yon estrikti ki ap pèmèt yo detekte yo epi fòme yo.
-Òganize epi amonize yon konpetisyon jèn pandan y ap mete men ansanm ak Lig rejyonal ak depatmantal yo nan respè kad reglemantè yo.
-Asire preparasyon ak patisipasyon seleksyon nasyonal jèn yo nan konpetisyon FIFA òganize yo.

Sa ki pi enpòtan an, komite sa gen kòm travay pou kreye yon Lig Nasyonal jèn. Sa ki vle di menm jan gen Ligue Haïtienne Football la pa twò lontan ta dwe gen Ligue National Jeune yo tou.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou