Kredi Foto: @LHF
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Chanpyona nasyonal la nan wout pou rive nan dènye bout li. Final pleyòf dezyèm pati chanpyona nasyonal la prèske rive aprè sa se pral yon final chanpyon dèchanpyon.
Daprè règlemantasyon chanpyona nasyonal la FHF ak Ligue Haïtienne lan te mete deyò avan chanpyon nasyonal la te kòmanse a, atik 9 nan chapit 4 la ki santre sou dewoulman konpetisyon an trè klè.
Li fè konnen aprè final yo, Ligue Haïtienne lan ap òganize yon match gala ki ap pote non Champions des Champions ant ekip chanpyon seri ouvèti chanpyona a kont ekip ki chanpyon seri kloti a. Nan menm règleman yo te deja prevwa kisa y ap fè si ekip ki te chanpyon seri ouvèti a se ta li menm ki chanpyon seri kloti a. Sa ki pousib pou rive si tout fwa Violette AC ta chanpyon seri kloti a.
Ebyen si sa ta rive yo ap tou deklare Violette AC Champion des Champions san menm jwe match la, epi li ap tou kalifye pou al jwe Cariebean Cup. Aprèsa yo pral fè match la ant 2 vis-chanpyon ant seri ouvèti a ak seri kloti a. Yon fason pou detèmine ekip ki pral jwe Caribean Shield la.
Si tout fwa se ta yon lòt ekip ki chanpyon sou Violette AC nan final Pleyòf la, ebyen ekip sa a ap kalifye pou al jwe match Champion des Champions an kont VAC yo ki yo menm jiskaprezan gen kalifikasyon yo paske yo te chanpyon seri ouvèti a. Ekip ki chanpyon an ap pral reprezante Ayiti nan Caribean Cup CONCACAF la epi ekip ki dezyèm lan pral reprezante peyi a nan Caribean Shield CONCACAF la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou