AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Violette oswa Baltimore kiyès ki gen plis chans jwe Caribbean Cup la?

imaj atik la Kredi Foto: @Violette AC

2 me 2026   Steve Pierre   801

Dènye faz chanpyona nasyonal la mete tout je sou yon gwo afwontman ant Violette AC ak Baltimore SC. De ekip sa yo pral rankontre ankò nan final seri kloti a, ak de match ki pwograme pou 3 ak 10 me k ap vini la. Men plis pase yon tit nasyonal, se avni reprezantasyon Ayiti nan konpetisyon entènasyonal k ap jwe la.


Dènye faz chanpyona nasyonal la mete tout je sou yon gwo afwontman ant Violette AC ak Baltimore SC. De ekip sa yo pral rankontre ankò nan final seri kloti a, ak de match ki pwograme pou 3 ak 10 me k ap vini la. Men plis pase yon tit nasyonal, se avni reprezantasyon Ayiti nan konpetisyon entènasyonal k ap jwe la.

Sitiyasyon an deja gen yon baz klè, Violette AC te pran seri ouvèti a, li te fè sa kont Baltimore SC. Kounye a, de menm ekip yo retounen nan final seri kloti a, sa ki louvri pòt pou plizyè senaryo desizif.

Si VAC ranpòte final la Nan ka sa a, y ap reyalize yon back-to-back (ouvèti + kloti). Sa vle di l ap otomatikman vin Chanpyon tout Chanpyon sezon an, san nesesite pou jwe okenn lòt final.

Pi gwo konsekans lan se : Vye Tig yo ap kalifye dirèkteman pou CONCACAF Champions Cup la, pi gwo konpetisyon klèb nan rejyon an.

Epi p ap gen final Chanpyon tout Chanpyon yo ki nesesè. Baltimore SC, kòm finalis, ap oblije al jwe Caribbean Shield la.

Kounya, si Baltimore rive ranpòte seri kloti a, yo ap mete balans lan egal : Violette rete chanpyon ouvèti epi 4x4 lan ap vin chanpyon kloti. Nan senaryo sa a, règ yo egzije yon final Chanpyon tout Chanpyon yo ant de ekip yo pou deside kiyès ki vrè mèt sezon an.

Konsekans yo : moun ki genyen final sa a ap gen gwo chans pou reprezante Ayiti nan Caribbean Cup la.

Match ki fikse pou 3 ak 10 me yo p ap sèlman deside yon trofe. Yo pral trase avni foutbòl ayisyen sou plan entènasyonal pou sezon an.

Pou Violette AC, se yon kesyon pou konfime dominasyon li epi evite nenpòt konplikasyon.
Pou Baltimore SC, se yon kesyon revanj, men tou yon chans pou relanse tout kat yo epi fòse yon dènye batay pou kouwòn nan.

Nan tout ka yo, Ayiti ap tann ak anpil enterè pou konnen kiyès ki pral pote koulè li nan gwo konpetisyon CONCACAF yo. Paske fwa sa a, se pa sèlman pou yon tit yo ap batay men tou yon plas sou pi gran sèn entènasyonal rejyon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou