Kredi Foto: @Facebook Carl Henry Élie
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan yon kontèks kote kesyon sekirite ak respè pou abit yo vin tounen yon gwo sijè nan foutbòl ayisyen an, yon mesaj fò sòti bò kote abit ayisyen Carl Henry vin relanse deba a sou jan chanpyona nasyonal premye divizyon an ap fonksyone.
Daprè refleksyon li pibliye sou paj Facebook li, Carl Henry mete aksan sou yon kontradiksyon ki egziste nan konpòtman plizyè klèb ayisyen. Daprè li, tout ekip ki patisipe nan chanpyona nasyonal la antre nan konpetisyon an ak menm objektif la : vin chanpyon pou yo kapab reprezante peyi a nan Lig Chanpyon CONCACAF yo. Epi, li fè remake kòman konpòtman ekip sa yo chanje nèt lè yo rive nan nivo entènasyonal la.
An reyalite, li esplike menm klèb ki souvan ap fè presyon oswa manke respè anvè abit nan konpetisyon lokal yo, vin montre yon atitid totalman diferan lè yo nan kad konpetisyon CONCACAF yo. “Yo vin dous tankou ti mouton,” li fè konnen, pandan li souliye jwè ak dirijan yo evite menm gade abit yo nan je.
Pou Carl Henry, gen plizyè rezon ki esplike diferans sa a. Premyèman, li mete an avan baryè lang lan, kote anpil nan aktè foutbòl ayisyen yo pa metrize ni anglè ni panyòl, sa ki limite kapasite yo pou kominike oswa fè presyon sou abit entènasyonal yo. Dezyèmman, li ensiste sou kesyon disiplin nan : klèb yo konnen trè byen ki sanksyon ki ka tonbe sou yo si yo ta fè zak derespektan nan nivo CONCACAF la.
Anplis de sa, abit la denonse yon pwoblèm estriktirèl nan jesyon foutbòl ayisyen an. Selon li, absans mezi sevè kont zak vyolans nan chanpyona lokal la ankouraje enpinite. Li fè konnen se souvan menm dirijan klèb yo ki enplike nan òganizasyon chanpyona a, sa ki mete an kesyon netralite ak efikasite desizyon disiplinè yo.
Nan sans sa a, Carl Henry rezime sitiyasyon an ak yon pwovèb fransè ki pale anpil : “La raison du plus fort est toujours la meilleure”, pou montre jan rapò fòs yo kontinye enfliyanse fason règ yo aplike nan peyi a.
Finalman, li lanse yon apèl klè ki sanble ak yon revandikasyon kolektif : jistis dwe fèt pou tout abit ki viktim nan chanpyona nasyonal ayisyen an. Pou li menm jan ak anpil lòt obsèvatè, se sèlman ak mezi serye, transparans ak volonte pou aplike règ yo san patipri, foutbòl ayisyen an ka reprann kredibilite li.
Nan moman kote plizyè ensidan vyolans deja sal imaj konpetisyon an, kesyon an rete poze : èske otorite yo pral pran responsabilite yo pou pwoteje ofisyèl yo epi mete disiplin nan kè jwèt la?
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou