Depi lè li rive nan Angers SCO, Carlens Arcus ki t ap evolye nan chanpyona Wolandè a, kontinye pwouve li se youn nan defansè ayisyen ki pi serye an Ewòp. Aryè dwat la enpoze tèt li, gras ak disiplin taktik, kapasite l pou genyen dyèl yo ak eksperyans li genyen nan Ligue1 fransèz lan.

Pandan sezon 2025-2026 la, Arcus te youn nan jwè ki pi regilye nan ekip la, sa ki pouse Angers renouvle kontra li jiska 2027. Desizyon sa a, montre konfyans klèb la genyen nan kalite l kòm yon lidè sou teren an ak nan vestyè a.
Avèk monte, desann entèlijan sou bò dwat la, bon sant li yo ak solidite Arcus nan faz defansiv yo, entènasyonal ayisyen an se yon pyès enpòtan nan sistèm jwèt Angers SCO a. Li kontinye reprezante Ayiti ak fyète pandan l ap evolye nan youn nan pi gwo chanpyona Ewòp yo.
Sa nou dwe kenbe sou jwè ayisyen an ;
Li se yon lateral ki regilye nan Angers SCO e pwouve sa nan Ligue 1 an.
Pèfòmans li fè kontra l pwolonje jiska 2027.
Estaf la rekonèt li pou estabilite l, eksperyans li ak lidèchip li.
Li se youn nan poto mitan defans seleksyon nasyonal Ayiti a, ak plis pase 50 seleksyon.
Carlens Arcus kontinye leve drapo Ayiti byen wo. Avèk regilarite li nan Angers SCO, li rete yon referans pou jèn foutbolè ayisyen yo epi yon eleman endispansab pou Grenadye yo.
Aprè eksperyans nan Mondyal la, Arcus Carlens rejwenn klèb li nan peyi lafrans pou prepare sezon 2026-2027 la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou