Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan yon nòt ofisyèl ekip Toronto a te soti nan dat 24 oktòb 2025 yo te anonse ke Derrick Etienne pa fè pati jwè ki ap gen pou jwe sezon 2026 la ak ekip la, yon desizyon ki pa kenbe pwiske maten mèkredi 7 janvye 2026 la direksyon ekip Toronto a anonse yo pwolonje entènasyonal Ayisyen an pou sezon ki ap vini an.
"Toronto anonse Derrick Etienne Jr siyen yon nouvo kontra ak ekip la ki ap bout an 2026 avèk opsyon pou sezon 2027 ak 2028 nan MLS la".
Responsab yo pa t bay twòp detay nan kominike a pou ta eksplike ki antant ki jwenn ant jwè a ak direksyon ekip la lè nou konnen li te youn nan gwo salè ekip la epi estatistik li mèg anpil kòm atakan, depi lè li siyen nan dat 24 avril 2024 li jwe 55 match li fè 5 gòl epi li bay 6 pas desizif. Se 11èm sezon grenadye a pral diskite nan MLS la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou