Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Aprè plis pase 15 lane ap make listwa klèb la, Roobens “Paloulou” Philogène deside vire yon gwo paj nan karyè li. Si nou potko konnen ki pwochen klèb ansyen kapitèn ak pi bon bitè nan listwa Ouanaminthe FC a, dènye jou sa yo si tout bagay pa chanje li ta sipoze pran direksyon vil Okap.
Depi premye jou li te rantre nan ekip la, Paloulou te vin tounen youn nan figi ki pi enpòtan nan Ouanaminthe FC. Atakan an te jwe yon wòl kle nan evolisyon klèb la, soti nan twazyèm divizyon pou rive nan premye divizyon foutbòl ayisyen an. Avèk anpil gòl ak pèfòmans enpòtan, li vin tounen yon senbòl detèminasyon ak lwayote pou “Kapitèn yo”.
Nan yon mesaj li te pibliye sou rezo sosyal li yo nan kòmansman mwa mas la, ansyen nimewo 20 klèb la te pwofite remèsye tout moun ki te sipòte li pandan tout lane sa yo. « Mèsi p ap janm sifi pou montre rekonesans mwen pou tout sipò Ouanaminthe FC te ban mwen. Nou ap toujou gen yon plas espesyal nan kè mwen. Yon jou m ap retounen, petèt pa kòm jwè... », se sa li te ekri.
Malgre depa li deja konfime, pwochen destinasyon Paloulou poko anonse ofisyèlman. Sepandan, plizyè sous nan mond foutbòl la deja fè konnen li ta ka pran direksyon AS Capoise. Depi kèk jou, foto ap sikile sou rezo sosyal yo kote yo wè ansyen atakan Ouanaminthe lan ap antrene ak ekip kapwa a. Kèk medya nan Okap menm fè konnen li deja patisipe nan plizyè sesyon antrènman ak klèb la.
Menm si okenn anons ofisyèl poko fèt, anpil obsèvatè kwè ansyen vedèt Ouanaminthe FC a ka rantre nan AS Capoise pou faz retou chanpyona nasyonal la.
Kèlkeswa kote pwochen etap karyè li pral mennen li, Roobens “Paloulou” Philogène deja kite non li grave nan listwa Ouanaminthe FC ak nan memwa fanatik ekip la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou