FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Mawòk, youn nan advèsè Ayiti nan Mondyal la, chanje antrenè

imaj atik la

6 mas 2026   Benswilkenson Jean   1166

Federasyon Mawokèn lan anonse Mohamed Ouahbi nan tèt seleksyon nasyonal ekip mawokèn lan. Yon chwa ki fèt pou ranplase Walid Regragui ki demisyone.


Aprè yon pil tolalito ki t ap fèt nan seleksyon peyi Mawòk la, finalman federasyon an te aksepte desizyon Walid Regragui te pran pou retire kò l nan tèt seleksyon an. Kèk jou aprè federasyon an te fin aksepte demisyon an, yo anonse yo nonmen Mohamed Ouahbi kòm nouvo antrenè ki pral mennen seleksyon an nan plas Walid.

Kilès Mohamed Ouahbi ye?
Mohamed Ouahbi fèt nan dat 7 septanm 1976 nan vil Schaerbeek nan peyi Bèljik. Ouahbi se yon mawoken orijin bèlj. Men li te prefer jwe pou seleksyon Bèljik la olye seleksyon mawokèn lan nan epòk li te jwè.

Gran seleksyon mawokèn lan se pral premye eksperyans Ouahbi kòm antrenè prensipal nan yon gran ekip. Anvan sa li te jwe wòl adjwen nan klèb RSC Anderlect la nan lane 2015-2016, li ta pral antrene seksyon jèn yo nan menm klèb sa.

Li te jwe wòl antrenè prensipal seleksyon jèn U20 peyi Mawòk la nan lane 2022 pou rive 2025. Pandan tan sa li te dirije 74 match, li te fè 42 viktwa, 12 match nil ak 20 defèt. Pa twò lontan yo te nonmenl nan tèt seleksyon U23 a men li pa t gentan dirije okenn match nan tèt ekip la, yo ta pral tou ba li pòs gran seleksyon an.

Selon enfòmasyon yo, estil jwèt Mohamed Ouahbi santre sou yon jwèt ki plis santre sou metriz balon an ak prodiksyon aksyon pozitif. Ouahbi ta yon antrenè ki renmen lè jwè pran responsablite yo nan moman ki pi di yo. Se sak fè li plis santre sou responsablite taktik.

N ap raple Mawòk ap youn nan advèse Grenadye yo nan Mondyal 2026 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou