AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Racing CH gen randevou pou tante fè revanj kont Cavaly pandan Tig yo nan vil Okay

imaj atik la Kredi Foto: @Echonews Sport

07 mas 2026   Neuvième Junior   1382

Aprè premye jounen seri kloti chanpyona nasyonal D1 an, dezyèm jounen an planifye pou wikenn sa, avèk plizyè bèl afich nan gwoup Sid la. Pami yo, Racing CH ki pa t bay move imaj nan faz gwoup seri ouvèti a, ap resevwa cheval wouj yo Parc Sainte-Thérèse pou eseye fè revanj demen samdi a. Alòske, Tig yo ap an deplasman pou vil okay.


Aprè premye jounen seri kloti chanpyona nasyonal D1 an, dezyèm jounen an planifye pou wikenn sa, avèk plizyè bèl afich nan gwoup Sid la. Pami yo, Racing CH ki pa t bay move imaj nan faz gwoup seri ouvèti a, ap resevwa cheval wouj yo Parc Sainte-Thérèse pou eseye fè revanj demen samdi a. Alòske, Tig yo ap an deplasman pou vil okay.

Aprè premye jounen chanpyona nasyonal la, moman an rive pou klèb yo pase dezyèm tès yo fas konkiran ki nan menm poul ak yo. Si nan jounen anvan an klèb chanpyon an tit seri ouvèti a te fè viktwa sou Don Bosco (2-1) gras ak Jeanty Maxime e Stay Plaisimond ki te bitè pou yo pandan Pirre Miralex te make pou jòn e nwa yo, dimanch 8 mas k ap vini la, nan Land des Gabions vil Okay. Violette AC pral anfas America des Cayes pou jwe 2èm rankont yo. Apèn li kite klèb kayen an, Stevenson Germeille sou wout pou li jwe kont ansyen ekip li.

Toujou nan menm dimanch sa, Don Bosco ap gen pou akeyi sou Parc Sainte-Thérèse, Juventus des Cayes ki pa t gen chans jwe nan premye jounen an akoz klèb Racing CH an pa t ka fè deplasman. E pou faz kloti a, ekip Solo a anrejistre retou plizyè jwè ki te la lè yo t ap ranpòte tit sezon pase a. Li rete poun wè si Juventus des Cayes pral fè diferans lan nan faz sa.

Pou kòmanse ak dezyèm jounen sa, Cavaly ki te konte sou Eddy Kings Louis pou ba yo viktwa nan dènye match fas kayen yo, kite vil Leyogàn e rejwenn kapital la pou afwonte Racing CH ki pral tante pran yon revanj. Paske nan faz pleyòf la, jèn talan klèb Racing yo te konnen yon defèt (3-1) fas cheval wouj yo ki re san pitye lè sa. Kounya, li rete pou nou swiv kòman klèb kapital la pral devye plan ekip site anakawona a pou dezyèm jounen seri kloti chanpyona nasyonal lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou