AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

LDU Quito kontinye kenbe pou rete tann retou Ricardo Adé

imaj atik la

22 jen 2025   Neuvième Junior   505

Nan estad Liga Deportiva Universitaria, LDU Quito te resevwa Independiente del Valle ki okipe premye plas seri A ekwatoryen an. Rankont sa ki te anime bò kote 2 fòmasyon yo fini san okenn viktwa.


Nan estad Liga Deportiva Universitaria, LDU Quito te resevwa Independiente del Valle ki okipe premye plas seri A ekwatoryen an. Rankont sa ki te anime bò kote 2 fòmasyon yo fini san okenn viktwa.

Malgre absans youn nan meyè defansè ekip LDU Quito ki plase nan dezyèm plas chanpyona Ekwatè a aprè 17 jounen, kontinye sou lanse yo te ye a nan lide pou rete pi pre lidè a. Nan match jodi a, klèb pilye ayisyen an Ricardo Adé fè yon match nil (1-1) devan piblik yo pou evite yon defèt ki te kapab fatal pou yo.

Aprè yon peryòd ki pa t chame okenn moun, vizitè yo te jwenn wout kan nan dezyèm peryòd la gras ak Spinelli 68èm. Men ekip LDU a ki te kontinye pouse pou chanje faz la, te oblije tann fen rankont lan pou asiste egalizasyon an gras ak Arce 90+6èm. Konsa, koyekipye Adé yo ki ap tann retou grenadye a aprè Gold Cup tout fwa seleksyon ta pase premye faz la pou swit konpetisyon an, oblije fè tout sa ki posib pou kenbe kò yo nan yon pozisyon ki p ap ekate yo twòp ak lidè chanpyona a ki gen 33 pwen pandan Quito genyen 30 pwen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou