Aprè ¼final yo ki te chaje ak sipriz, emosyon epi gòl, LIPOFU (Ligue Port-au-Princienne de Futsal) pare pou mete balon an pi cho toujou ak faz demifinal Opération Futsal 2026 la. Kat (4) gwo ekip ap frape tèt ansanm pou jwenn tikè yo pou gran final la. Premye manch demifinal yo fikse pou samdi 28 jen 2025 k ap vini la.
Kalandriye demifinal yo sòti pou lig 1) 10:30 AM – ADJ FC vs Santos FCF
Ekip ADJ FC, ki te elimine AFC Delmas aprè yon gwo viktwa 7-0 nan premye manch ¼final yo, ap gen yon advèsè ki pa jwe ditou. Santos FCF se youn nan ekip ki pi konvenkan nan konpetisyon an, aprè yo te kraze Flambeau FC (14-4) sou total 2 match yo. ADJ gen eksperyans ak bon kontwòl jwèt. Santos montre sou bò pa li kapasite pou fè anpil gòl vit vit. Èske ADJ ap bare machin gòl Santos la? Oswa se Santos ki pral mete presyon depi premye manch lan?
2) 11:45 AM – FC 24 vs Shelcy FC
Nan lòt afich la, se FC 24 ki ti ekip ki fè gwo wout e ki pral chita fas ak Shelcy FC, ekip ki fè bèl retou pou elimine BASSC. FC 24 te siprann TLF ak de (2) viktwa youn aprè lòt pandan ¼definal yo. Shelcy, li menm, pa t pè reponn BASSC, li te kale yo (5-3) nan retou a pou l pase sou total gòl. Yon match ki sipoze sere, kote chak erè kapab koute chè.
Toujou nan Delmas 75 lan, samdi 28 jen 2025, se jou n ap gen poun jwi 2 gwo demifinal ki ka bay tout kalite emosyon. Kiyès k ap pran premye avantaj yo? Se samdi k ap bannou repons sila.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou