AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Ayiti pa sispann konnen move moman malgre volonte ki genyen bò kote talan yo

imaj atik la

23 jen 2025   Neuvième Junior   849

Jou ap pase, sitiyasyon yo kontinye agrave nan yon ti peyi ki te si bèl. Nan yon epòk kote tout moun t ap viv san gwo presyon, jenès la te konn souvan pran plezi nan jwe boul nan lari ak reyini pou gade match foutbòl nan televizyon.


Jou ap pase, sitiyasyon yo kontinye agrave nan yon ti peyi ki te si bèl. Nan yon epòk kote tout moun t ap viv san gwo presyon, jenès la te konn souvan pran plezi nan jwe boul nan lari ak reyini pou gade match foutbòl nan televizyon.

Epòk sa tou, anpil jèn ki te konn pran chimen tèren foutbòl, se te ak yon sèl objektif reprezante Ayiti nan tout konpetisyon ki posib yo. Jounen jodi a, parapò ak fason sitiyasyon yo vin dejenere an, anpil talan rete kache koz yo pa kapab eksprime yo sou yon tèren foutbòl kote gen je enpòtan sou yo.

Klèb yo ki te konn pèmèt jèn yo parèt, pa kapab ankò akoz ensekirite ki ap koze gwo pwoblèm, mete sou pwoblèm dirijan iresponsab koz nèg san refleksyon pran kontwòl tout kote foutbòl la te konn bèl. Detenksyon vin pa kapab fèt, talan yo oblije viv san reyalize rèv yo.

Malgre tout sa, nan pwovens yo kou pòtoprens ki ap konnen moman nwa, gen anpil bèl talan ki gen foug e swaf pou ta fè bikolò flote piwo, men elas, responsab yo plis vire je gade kèk jwè ki ap evolye nan peyi etranje ki manke foug pa rapò ak kèk lòt ki prè pou fè san yo koule.

Aprè efò grenadye ki te jwenn chans pou reprezante Ayiti nan Gold Cup 2025 lan, moman rive pou chak jwè rejwenn klèb yo e pran ti vakans yo tou. Nan yon poul kite gen envite a Arabi Sawoudit, Etazini ak Trinidad, Ayiti fini nan 4èm plas la ak 1 pwen sèlman.

Fas envite yo, grenadye yo te jwe yon match ki te fè zye piblik la plezi men devan kan jwè yo pa t efikas ase nan rankont sa. Fas Trinidad, grenadye yo te fè yon nil pandan li te posib pou yo fè viktwa e jodi.a pou dènye match yo, ble e wouj yo tonbe kont Etazini ki pa vrèman jwe yon bèl foutbòl lè nou konn nivo yo.

Nan konpetisyon sa, Louicius Deedson ak Frantzdy Pierrot se 2 moun ki fè bonè ekip la nan fè fanatik yo selebre. Men sa pa pote gran choz paske ekip la pa rive pase premye etap konpetisyon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou