AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Yon jounen deteksyon pou tifi kategori U-15 nan vil Okay

imaj atik la

24 jen 2025   Jacky Chery   27

Federasyon ayisyèn foutbòl òganize samdi 21 jen 2025 lan yon jounen deteksyon pou tifi k ap jwe foutbòl ki poko gen 15 lane. Nan aktivite sa ki dewoule sou tèren Lang des Gabions an, yon karantèn tifi ki sòti nan divès komin nan Gran Sid lan te patisipe.


Sou direksyon ansyen sekretè jeneral FHF la, Carlo Marcelin, jèn sa yo te patisipe nan plizyè egzèsis tape balon sou tèren Gabions an. Objektif lan, daprè federasyon an, se prepare pwochèn jenerasyon jwez ayisyèn k ap gen pou pote koulè ekip nasyonal feminen an.

Aktivite sa ki te divize an plizyè pati, te gen ladan l nan yon premye tan echofman, avan ti medam yo ta pral kòmanse tape balon. Jounen sa ta pral fini nan yon opozisyon sou tout tèren an avèk 2 ekip ki te monte ak jwez sa yo ki te prezan nan deteksyon an.

Daprè youn nan moun ki t ap kowòdone aktivite sa pou Federasyon an, timoun y ap seleksyone nan deteksyon sa pral rejwenn yon lòt gwoup ki te deja la pou prepare pwochen konpetisyon U-15 CONCACAF la k ap gen pou jwe nan mwa dawout k ap vini la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou