Ansyen entènasyonal ayisyen an, Soni Mustivar, jwenn yon pwomosyon pou vini antrenè prensipal ekip FC Gueugnon an k ap evolye nan nivo Régional 1.
Klèb fransè an anonse jodi samdi a nominasyon Soni Mustivar kòm antrenè premye ekip FC Gueugnon an pou sezon k ap vini la. Ansyen mitan tèren seleksyon nasyonal ayisyèn lan te deja evolye sou koulè klèb la anvan fen karyè pwofesyonèl li nan lane 2023.
« Mwen fyè epi onore dèske klèb la panse avèk mwen epi fè m konfyans. Se yon gwo defi k ap tann nou, men avèk yon bon pwojè. Mwen pare pou m bay tout mwen menm pou pwojè sa », deklarasyon ansyen Grenadye an.
Soni Mustivar t ap antrene ekip jèn FC Gueugnon an sezon pase an kote l te fini 4èm avèk yon bilan 9 viktwa, 5 nil ak 4 defèt.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou