Federasyon Ayisyèn Foutbòl la, depi 2 lane te oblije fè foutbòl jwe nan peyi a ak yon vèsyon espesyal.
Sòti nan kowona pou tonbe nan yon ensekirite jeneralize te vin koz aktivite foutbòl kanpe nèt pandan anviwon 5 lane. Pou FHF te sòti nan sèk sa, malgre sitiyasyon sekirite peyi a ap pi mal chak jou ki pase, men yo te oblije òganize yon chanpyona men se nan yon vèsyon espesyal.
Premye edisyon an te fèt nan lane 2024 la, Real Hope FA se te chanpyon an. Dezyèm edisyon an fèt nan lane 2025 lan e FC Juventus des Cayes se chanpyon an.
Pou sezon 2025-2026 la, Federasyon an anonse ouvèti ofisyèl chanpyona nasyonal premye divizyon an pou mwa septanm lan (14 septanm). Tout bagay pral tounen jan li te ye anvan an, pral gen yon seri ouvèti ak yon seri fèmti (Kloti).
Federasyon an fè konnen 5 dawout ki ap vini la, yo ap pibliye kalandriye chanpyona a.
Sa ki mete yon bout otomatik ak Chanpyona Nasyonal Espesyal la pou gran retou Chanpyona Nasyonal D1 an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou