Aswè a nan AT&T Stadium nan, nan vil Arlington, Ayiti pral jwe yon match kapital kont Etazini nan dènye jounen faz gwoup Gold Cup 2025 la. Se 24èm fwa nan listwa seleksyon an ap jwe kont ekip ameriken an nan yon konpetisyon ofisyèl.
Jiskaprezan, bilan ant Ayiti ak USA se 23 match ofisyèl. Nan total sa yo, seleksyon amerikèn nan ranpòte 9 viktwa, pèdi 8 fwa, ak 6 match nil.
Demen, se yon lòt istwa ki pral ekri. Mesye Sébastien Migné yo konnen byen misyon yo difisil, men pa enposib. Fòk yo bat ekip Mauricio Pochettino a, epi espwa pou lòt match la fini san genyen, pou yo kapab kalifye pou kadefinal la.
Match la fikse pou 7è nan aswè (7PM), aswè a samdi 22 jen sou gazon AT&T Stadium nan. Se pa sèlman 3 pwen Ayiti bezwen, se fyète, istwa ak espwa tout yon nasyon ki pral sou do yo.
Grenadyè yo pare pou livrezon final la. Randevou demen. Drapo ble e wouj la bezwen vole wo!
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou