AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Gold Cup 2025 : Ayiti kite konpetisyon an ak yon move bilan

imaj atik la

22 jen 2025   Steve Pierre   624

Seleksyon nasyonal ayisyèn nan pa rive pase faz gwoup Gold Cup 2025 la, apre li pèdi (2-1) kont Etazini nan dènye jounen gwoup la, nan AT&T Stadium nan, Arlington. Malgre efò yo, Grenadye yo kite konpetisyon an ak sèlman yon pwen sou 3 match.


Etazini te louvri eskò bonè nan match la, nan 10èm minit, kote Malik Tillman frape ak tèt li sou yon sant Brenden Aaronson pou mete (1-0). Ayiti reponn byen rapid, nan 19yèm minit, kote gadyen ameriken an, Matthew Freese, fè yon move pas nan sifas la. Li bay Deedson Louicius balon an, ki pa rate okazyon an pou egalize.

Malgre bon volonte ekip Sébastien Migné a, Ameriken yo mete dezyèm gòl la nan dezyèm mitan an, kote yo repran avantaj la epi jere match la jiskaske l fini.

Nan lòt match gwoup la, Trinidad ak Arabi Sawoudit fè match nil (1-1), sa ki mete Ayiti dènye nan klasman an ak 1 pwen sèlman (1 nil, 2 defèt).

Ayiti fè yon Gold Cup san viktwa. Li kite konpetisyon an ak anpil kesyon sou nivo ekip la ak sa ki dwe chanje pou lavni.

Grenadye yo montre kèk bèl moman sou teren an, men sa pa t ase pou fè diferans lan. Yon lòt rèv ki fini twò bonè.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou