AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Futsal : Kadefinal yo fini nou konnen kalifye pou demifinal yo

imaj atik la

22 jen 2025   Steve Pierre   388

LIPOFU (Ligue Port-au-Princienne de Futsal) kontinye fè fanatik yo viv emosyon nan kad operasyon Futsal 2026 la. Wikenn 14 ak 21 jen 2025, ekip yo te goumen di pou jwenn plas yo pou demifinal la. Rezilta yo pa t sèlman chaje ak gòl, men yo te pote anpil sipriz tou.


Nan premye manch lan ki te jwe 14 jen, ekip ADJ FC te fè yon sèl bouche ak AFC Delmas avèk yon viktwa (7-0) ki te sanble mete konpetisyon an fini pou Delmas. Men, tout bagay te chanje nan match retou a (21 jen) kote AFC Delmas fè yon remonte ekstraòdinè e bat ADJ FC (5-4). Malgre rezilta sa, ADJ FC toujou mennen sou total gòl yo (11-5) epi li pase pou demifinal yo.


BASSC te mennen (4-3) kont Shelcy FC nan premye match la. Men Shelcy pa t lage. Yo te reponn fò nan retou a ak yon bèl viktwa (5-3). Konsa, Shelcy FC ale nan demifinal sou total gòl (8-7), mete fen nan avanti BASSC a.

Ekip Santos FC pa t gen okenn pitye pou Flambeau FC. Apre yo te bat yo (4-1) nan premye jounen an, yo fin masakre yo (10-3) nan match retou a. Avèk yon total (14-4), Santos FC parèt kòm youn nan ekip ki pi solid nan konpetisyon an.

FC 24 te deja bat TLF (2-1) nan premye manch la. Nan dezyèm nan, li tounen yon gwo batay kote yo jwenn yon viktwa sere (5-4). Avèk yon total (7-5), FC 24 rantre san bri nan demifinal la.

4 demifinalis Yo Se: ADJ FC, Shelcy FC, Santos FC ak FC 24

Konpetisyon an vin pi sere toujou. Èske se Santos ki pral kontinye dominasyon an? Èske FC 24 ap kontinye siprann tout moun? Èske Shelcy ap kenbe momentum li? Epi èske ADJ ap montre eksperyans li?

An nou tann rezilta demifinal yo pou n wè ki ekip ki prale pou gran final Opération Futsal 2026 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou