AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Lenny Joseph ap mache sou dlo depi aprè Mondyal la

imaj atik la

30 jiyè 2026   Steve Pierre   1787

Atakan ayisyen an, Lenny Joseph, ap fè yon kòmansman sezon tèt chaje ak klèb ongwa a, Ferencváros TC. Depi lè li te fin patisipe nan Koup Dimond 2026 la ak seleksyon Ayiti a, Grenadye a sanble pran yon lòt dimansyon sou sèn ewopeyen an.


Nan premye tou kalifikasyon League Europa a kont Vojvodina, Lenny Joseph te deja montre li pa vin fè blag, lè li te make youn nan twa gòl viktwa Ferencváros la (3-0) nan match retou a. Gòl sa a te ede ekip li a valide kalifikasyon li pou dezyèm faz la.

Bon fòm li an te konfime nan dezyèm tou a kont Twente. Nan premye match la, atakan ayisyen an te fè diferans lan lè li te make de (2) gòl pou ofri Ferencváros yon viktwa enpòtan (2-1) sou tè olandè yo, jou ki te 23 jiyè a. Pèfòmans sa a te mete tout limyè yo sou li nan Ewòp.

Jodi jedi 30 jiyè a, Lenny Joseph te kontinye sou menm rit la lè li te jwenn chimen filè a ankò nan match retou a kont Twente, yon match ki fini (2-2). Gras ak nouvo gòl sa a, li rive nan kat (4) reyalizasyon nan kat (4) dènye match ewopeyen li yo, yon seri ki fè anpil sipòtè ak obsèvatè wè li kòm youn nan gwo atou Ferencváros ap gen pou sezon an.

Lenny Joseph ap voye yon mesaj klè bay advèsè li yo : Li menm se atakan ki non li. Si jwè 25 lane a kontinye sou menm lanse a, li pral fè advèsè yo mal anpil pandan sezon 2026-2027 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou