AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Melchie Dumornay ak Olympique Lyonnais nan final D1 Arkema

imaj atik la

Jacky Chéry   11002

Melchie Dumornay ak Olympique Lyonnais nan final D1 Arkema Olympique Lyonnais fè yon viktwa fasil lakay li fas Stade de Reims pou kalifye pou final pleyòf D1 Arkema a. Yon match ki fini 6-0, avèk Melchie Dumornay ki fè youn nan gòl yo. Fenòt yo pa t nan pran pitye pou jwez Amandine Miquel yo ki pran yon rakle 6-0. Gras ak atakan entènasyonal ayisyèn lan, Corventina ki fè gòl byen bonè nan kòmansman dezyèm mitan an, Diani ki fè yon double, Lyon pral jwenn PSG nan final. Wendie Renard ki te fè premye gòl match la, Daniëlle van de Donk ak Amel Majri te patisipe nan festival sa ki bay Fenòt yo kalifikasyon sa pou final D1 Arkema a k ap gen pou jwe vandredi 17 me k ap vini la. N ap note, Olympique Lyonnais ap gen pou jwe egalman final Lig Dè Chanpyon fanm lan fas FC Barcelone, aprè l te fin elimine Paris Saint-Germain nan demifinal.


KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )