Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Klèb espanyòl la Real Madrid atravè direktè relasyon enstitisyonèl li Emilio Butragueño ekri defansè entènasyonal ayisyèn lan Ruthny Mathurin. Klèb espanyòl la swete jwez la bon retablisman anba maladi li a.
Jèn defansè ayisyèn lan Ruthny Mathurin ki viktim anba yon lezyon pral gen pou pase plizyè tan deyò tèren san jwe boul. Jèn jwez la ki apèn siyen nan klèb espanyòl Alhama CF la te fè piblik la konnen sa nan semèn ki sot pase a.
Apèn li rive nan klèb sa a, jèn ayisyèn lan pa t menm gentan pou l enpoze l lè blesi sa a te atake li a. Pandan jwez la sou kabann lopital ap pran swen, li resevwa yon mesaj enpòtan ki montre tout enterè epi enpòtans li te genyen nan jwèt foutbòl la.
Mesaj la se yon lèt direktè relasyon enstitisyonèl klèb Real Madrid la Emilio Butragueno te ekri l. Nan lèt sa a ki pote dat 20 avril 2026 la, direktè a ekri l nan non tout ekip Real Madrid la pou swete jwez la kouraj epi yon bon retablisman anba maladi sa a.
Yon jès ki montre gwo sakrifis jwez la pa pou gran mesi.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou