Lè gen kesyon sou pi bon defansè LigaPro Ekwatè a, non Ricardo Adé pa janm lwen deba a. Entènasyonal ayisyen an bay yon lòt demonstrasyon fòs ak matirite pandan viktwa LDU Quito te ranpòte 1-0 devan Barcelona SC, dimanch 26 jiyè a. Yon pèfòmans ki pèmèt li jwenn yon plas nan Ekip Semèn 22èm jounen chanpyona a.
Pandan tout rankont lan, Adé te enpoze rit li nan defans lan. Li te genyen plizyè dyèl enpòtan, li te koupe atak advèsè yo ak anpil sanfwa, epi li te dirije liy defans LDU Quito a ak otorite. Solidite li te jwe yon wòl kle nan viktwa ekip la kont youn nan gwo klèb peyi Ekwatè.
Daprè Sofascore, defansè ayisyen an te resevwa nòt 7.7, yon evalyasyon ki reflete enpak li sou match la. Regilarite sa kontinye mete l pami jwè ki pi serye ak pi efikas nan chanpyona ekwatoryen an.
Depi lè li rive nan LDU Quito, Ricardo Adé pa sispann ranmase lwanj. Gras ak disiplin li, kapasite li pou li antisipe aksyon yo ak lidèchip li sou teren an, li vin tounen youn nan poto mitan ekip la. Chak bon pèfòmans li reyalize se pa sèlman yon viktwa pou klèb li, men tou yon sous fyète pou tout Ayiti.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou