AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Roseline Éloissaint siyen ak RC Lens pou sezon 2026-2027 la

imaj atik la Kredi Foto: @RC Lens Féminin

29 Jiyè 2026   Jacky Chéry   1648

Atakan entènasyonal ayisyèn, Roseline Éloissaint, pral kontinye avanti li nan foutbòl fransè a. Racing Club Lens anonse ofisyèlman, jodi mèkredi 22 jiyè a, jwez 27 lane a ki sòti nan FC Nantes rive nan ekip la kote l siyen yon kontra pou yon sezon ak klèb atezyen an.


Aprè plizyè sezon nan FC Nantes, kote li te ede ekip la reyalize pi bon klasman li nan Arkema Première Ligue la, Roseline Éloissaint ap louvri yon nouvo chapit nan karyè li. Pandan de dènye sezon yo, li te patisipe nan 34 match epi make 3 gòl avèk Nantèz yo.

Jwez ayisyèn lan ki fòme nan AS Tigresses, an Ayiti, te kite peyi a an 2018 pou ale Kanada, kote li te jwe ak AS Blainville epi kontinye devlope nan chanpyona inivèsitè a ak Citadins UQAM. An 2020, li te pran direksyon Lafrans pou rantre nan FC Nantes, kote li te pase pi fò nan karyè pwofesyonèl li, ak yon kout pasaj nan RC Strasbourg nan dezyèm divizyon.

Sou plan entènasyonal, jwez 27 lane an se youn nan figi enpòtan seleksyon fanm Ayiti a. Li te patisipe nan Koup Dimond FIFA U-20 an nan lane 2018 epi kontinye reprezante Grenadye yo nan nivo senyò, kote l make 10 gòl sou 23 match li jwe avèk Seleksyon an.

Nan kominike ki anonse transfè sa, RC Lens mete aksan sou kalite Roseline Éloissaint genyen kòm yon jwè ki rapid, ki kapab fè diferans lan nan fas a fas yo epi ki gen eksperyans nan pi wo nivo foutbòl fanm lan an Frans.

N ap note, Roseline Eloissaint pral gen pou evolye bò kote konpatriyòt li, Jennyfer Limage, ki retounen nan ekip RC Lens lan pou sezon sa ki pral lanse an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou