AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Roxanne Vilain lanse l nan mond foutbòl pwofesyonèl la avèk Le Mans FC

imaj atik la Kredi Foto: @Le Mans FC

21 Jiyè 2026   Jacky Chéry   2066

Aprè 4 lane nan foutbòl inivèsitè a ant Kanada ak Etazini, prensipalman nan West Virginia, Roxanne Vilain pral fè premye pa li nan mond pwofesyonèl la avèk kontra sa li siyen pou entegre ekip Le Mans FC an pou sezon 2026-2027 la.


Defansè entènasyonal ayisyèn 24 lane an rejwenn Mansèl yo kote l pral kapab dekouvri foutbòl fransè an. Sou rezo sosyal yo, klèb lan ofisyalize nouvèl la kote Roxanne Vilain pral kapab evolye bò kote konpatriyòt li Anyssa Ibrahim.

Jwez bèl longè, Roxanne Vilain pral kapab pote divès kalite li yo nan Le Mans ki pral goumen yon lòt fwa ankò pou jwenn yon plas nan ekip k ap gen pou monte nan Arkema Première Ligue sezon k ap vini an.

N ap raple, Roxanne Vilain te pote koulè seleksyon nasyonal ayisyèn lan nan lane 2024 nan yon match Grenadye yo te malerezman pèdi fas Pòtoriko nan baraj pou premye edisyon Gold Cup fanm lan.

Defansè entènasyonal ayisyèn lan deja twouve l nan peyi Lafrans, prensipalman nan enstalasyon klèb la, e ta dwe kòmanse prepare avèk nouvo koyekipye l yo pi vit posib. Sezon Seconde Ligue lan ap kòmanse nan mwa septanm k ap vini la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou