Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Atakan ayisyen 28 lane a Shelton Guillaume pote viktwa pou ekip FC Versaille la nan 25èm jounen National 1 an nan peyi Lafrans sou ekip FBBP a.
Jèn ayisyen an ki malerezman poko pote koulè seleksyon nasyonal la pa sipann montre bèl pèfòmans li nan ekip FC Versaille la nan 3èm divizyon fransèz la.
Shelton Guillaume make grenn gòl match kont FBBP a (1-0) nan 69èm minit. Match sila a t ap jwe sou pwòp tèren ekip Versaille la. Yon match ki te kontwole pou 25èm jounen chanpyona 3èm divizyon fransè a.
Shelton ki te titilè nan match sa a te pase an gran sovè pou ekip la. Avèk grenn gòl sa, atakan ayisyen an make 9èm gòl li pou sezon an epi li bay 3 pas gòl sou 23 match li jwe pou ekip Versaille la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou