AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Stevenson Jeudi tranble filè pou ekip li nan peyi Lityani

imaj atik la Kredi Foto: @Golayiti

11 mas 2026   Benswilkenson Jean   1055

Ansyen atakan Violette AC, Stevenson Jeudi sove ekip li FK Transinvest (1-0) jodi a mèkredi 11 mas 2026 la nan peyi Lityani.


Nan kad 4èm jounen chanpyona premye divizyon peyi Lityani an ki pote non TopLyga, atakan ayisyen an Stevenson Jeudi make grenn gòl viktwa ekip li a Transinvest pandan li pa t menm titilè pou match la.

Ansyen jwè klèb potoprensyèn lan Violette AC a, te pèmèt ekip li genyen sou pwòp tèren li ekip Banga a (1-0). Ayisyen an ki te kòmanse sou ban ta pral antre nan 46èm minit dezyèm mitan match la. Jwè a ta pral tranble filè nan 64èm minit.

Yon grenn gòl ki se yon delivrans pou ekip la ki tou sove 3 pwen an. Sa ki mete yo nan 3èm plas la aprè 4 jounen boul ak 7 pwen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )