Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan kad 17èm jounen Arkema Première Ligue la, ekip OL Lyonnes yo t ap resevwa Le Havre AC nan Groupama OL Training Center. Fenotte yo pa t pran tan pou montre siperyorite yo, epi genyen match la, pandan entènasyonal ayisyèn nan, Melchie Dumornay, kontinye jwe yon gwo wòl nan atak ekip la.
Depi nan 26èm minit, presyon Lyon te kòmanse bay rezilta. Aprè yon boul Korbin Shrader te fin pran, li jwenn Melchie Dumornay ki te byen plase. Jèn vedèt ayisyèn nan fè yon bon pas pou Tabitha Chawinga, ki fè yon chout kwaze pou louvri eskò a (1-0).
Lyonnes yo te kontinye domine match la, jis anvan poz la yo double avantaj la. Nan 45+2, Corventina te fè yon bèl aksyon sou bò dwat la, li voye yon sant pou Tabitha Chawinga, ki frape ak tèt li pou make dezyèm gòl la (2-0).
Nan dezyèm mitan an, ekip la pa t ralanti. Nan 86e minit, Sofie Svava voye yon sant nan bwat la, epi kapitèn Wendie Renard monte pi wo pase tout moun pou make ak tèt li (3-0).
Avèk viktwa sa a lakay yo, OL Lyonnes valide premye plas sezon regilye a ak 49 pwen, pandan Paris FC ki an dezyèm pozisyon gen 30 pwen, gen 5 jounen ki rete pou fini faz regilye chanpyona a, Dumornay ak koyekipye li yo asire y ap fini premye.
Pou jwez ayisyèn nan, pèfòmans sa a gen yon siyifikasyon espesyal. Pas li bay yo se 6èm ak 7èm pas li nan chanpyona a sezon sa m. Se menm kantite pas li te fè sezon pase a, sa ki vle di li gen bon chans depase pwòp rekò pèsonèl li anvan sezon an fini.
Avèk fòm li ap montre a, vedèt ayisyèn nan kontinye konfime plas li kòm youn nan jwè kle nan atak Lyonnes yo pandan sezon an ap pwoche nan moman desizif li yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou