AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon jwez seleksyon fanm ayisyèn lan siyen nan yon klèb ewòp

imaj atik la

16 janvye 2026   Benswilkenson Jean   1555

Seleksyon ayisyèn fanm lan gen yon lòt jwez ki pral evolye sou kontinan ewòp la. Defansè ayisyèn lan Ruthny Mathurin siyen ofisyèlman nan klèb Alhama CF la nan peyi Espay


Natif pòtoprens lan Ruthny Mathurin ki ap pote mayo seleksyon nasyonal la depi nan U15 jiska gran seleksyon an file kap li sou kontinan ewopeyen an. Ansyen jwez AS Tigresse la te siyen premye kontra pwofesyonèl li ak klèb ameriken Racing Power FC. Depi lè a, mabouya pa sispann rele van pou kap jwez la kontinye pran van. Aprè sa li ta pral pote mayo plizyè lòt klèb pami yo Regin'Cajuns, Louisiana Soccer nan peyi blan meriken.

Fwa sa a kalbas tanbou Ruthny Mathurin bat pou vye kontinan an anndan klèb Alhama FC a. Klèb sila fonde nan lane 2004 , non jwèt yo se Azulonas ak Guerreras. Antrenè yo a se yon espanyòl Dani Álvarez.

Klèb sila apèn monte nan premye divizyon chanpyona espanyòl la Liga F. Ruthny se pral 5èm jwè nan efektif yo a ki pa gen nasyonalite espanyòl.

Alhama CF twouve l nan 14èm plas klasman LIGA F la aprè 15 jounen boul ak sèlman 9 pwen. Yo gen sèlman 3 pwen anplis 2 ekip ki nan antèn wouj klasman an. Yo sou 7 defèt youn kole ak lòt nan chanpyona a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou