AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon lòt sezon konplike pou AS Saint-Étienne nan Arkema Première Ligue lan

imaj atik la

15 Janvye 2025   Jacky Chéry   1200

Yon lòt fwa ankò, AS Saint-Étienne twouve l nan yon sitiyasyon kote l oblije goumen pou l rete nan premye divizyon. Aprè 12 jounen, Estefanwaz yo twouve yo nan avan dènye plas klasman Arkema Première Ligue lan.


Nan okazyon 12èm jounen Arkema Première Ligue lan, AS Saint-Étienne sove yon twa pwen enpòtan an deplasman lakay Olympique de Marseille gras ak yon grenn gòl atakan yo an, Sofie Hornemann enskri nan kòmansman dezyèm mitan an (49’).

Aprè yon premye pati sezon katastwofik, Estefanwaz yo demare Arkema Première Ligue lan pou lane 2026 lan sou yon bon rezilta ki mete yo nan pozisyon pou kontinye goumen pou rete nan premye divizyon.

Gras ak viktwa sa, AS Saint-Étienne pase nan avan dènye pozisyon an avèk menm kantite pwen ak Racing Club Lens k ap goumen tou pou rete nan premye divizyon. Aprè 12 match, Estefanwaz yo reyalize dezyèm viktwa yo sou sezon an.

N ap note, nan viktwa sa, mitan tèren seleksyon nasyonal ayisyèn lan, Deborah Bien-Aimé, te titilè kote l jwe tout 90 minit yo. Grenadye an ki rive Saint-Étienne sezon sa deja pran plas nan efektif Estefanwaz yo malgre klèb lan toujou poko kapab dekole.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou