AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon prezantasyon sou Lenny Joseph k ap briye ak Ferencváros

imaj atik la

25 jiyè 2026   Neuvième Junior   911

Depi aprè Mondyal la kote Lenny te vin defann koulè seleksyon nasyonal la, entènasyonal ayisyen an te gen posiblite pou l pran repo avan menm li te rekòmanse jwe. Men, avèk angajman klèb Ferencvaròs la, grenadye a te tou pran wout pou ale ede ekip li defann kalifikasyon l pou jwe nan youn nan konpetisyon ewopeyen yo.

Depi lè li rive nan Ferencváros, entènasyonal ayisyen an Lenny Joseph kontinye fè non li pale nan chanpyona Ongri a ak sou sèn Ewopeyen an. Atakan an ap montre tout kalite li yo: vitès, pouvwa fizik, bon deplasman ak yon sans finisyon ki fè l tounen youn nan zam ofansif ki pi enpòtan anndan ekip la.

Nan dènye match kalifikasyon UEFA Europa League la kont FC Twente, Lenny te reyalize yon gwo pèfòmans avèk 2 gòl, ede Ferencváros ranpòte viktwa 2-1 nan ale a. Anvan sa, li te deja make kont Vojvodina, sa ki fè li kòmanse sezon 2026-2027 la nan yon rit ekstrawòdinè.

Chif ki pale pou li

7 gòl nan chanpyona NB I 2025-2026.
Li deja make 3 gòl nan 3 premye match UEFA Europa League 2026-2027.
Youn nan atakan ayisyen ki pi anfòm nan Ewòp kounye a.

Avèk konfyans antrenè a ak efikasite li devan gòl, Lenny Joseph ap pran yon nouvo dimansyon nan foutbòl la. E si li kenbe menm nivo sa a, li kapab vini youn nan gwo referans foutbòl ayisyen an Ewòp pandan sezon sa a ki pako menm demare tout kote.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou