Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Aprè plizyè mwa jwè yo fè ap jwe foutbòl san kanpe, mwa desanm lan pote soulajman pou kèk chanpyona ki chwazi bay vakans. Pami yo, nou kapab mete Polòy ki se youn nan peyi ki mete sou poz kèk chanpyona tankou twazyèm divizyon an. E Wilde-Donald Guerrier fè pati jwè ki benefisye privilèj sa ak klèb Hutnik Krakòw lan.

Avan menm poz sa te vini, entènasyonal ayisyen an te dispite 5 rankont ak klèb la. Nan 5 match sa, ekip la konnen 2 nil, 2 defèt ak yon viktwa sa ki pa avantaj yo akoz pozisyon yo nan klasman an pa fin ok.
Sou 18 plas posib, Hutnik Krakòw okipe 14èm plas klasman an ak 21 pwen, sa ki yon dezavantaj pou yo. Paske nan chanpyona sila, sòti nan 15èm rive nan 18èm, ekip sa yo ap desann. 13èm ak 14èm lan ap gen pou jwe baraj. Men lè nou swiv 15èm lan 21 pwen ak 16èm lan 19 pwen, sa montre koman Donald ak koyekipye li yo pa byen pozisyone.
Lè nou swiv tablo a, chanpyona twazyèm divizyon polonè a gen 34 jounen ki pou jwe ladann. Avan menm yo pran poz sa ki ap rekòmanse 21 fevriye 2026 lan, gentan gen 19 jounen boul ki dispite deja. Donk pou evite koule e rete nan D3, Wilde-Donald Guerrier ak klèb li a dwe fè tout posib pou pwogrese nan klasman.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou