AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Carl-Henry Élie anonse endisponiblite li kòm abit

imaj atik la

19 desanm 2025   Steve Pierre   399

Abit FIFA ayisyen Carl-Henry Élie anonse li p ap disponib ankò pou dirije konpetisyon nasyonal ak entènasyonal apati 1e janvye 2026. Anons la fèt atravè yon nòt ofisyèl li pibliye ayè 18 desanm 2025 lan, an fransè, anglè ak panyòl.


Nan nòt sa a, Carl-Henry Élie esplike desizyon an baze sou rezon fòs majè, san li pa bay plis detay sou sitiyasyon an. Abit la fè konprann se pa yon retrè definitif, paske li anonse entansyon li pou l retounen sou tèren yo lè moman an va favorab, ak menm angouman an epi ak menm nivo pwofesyonalis la.

Abit la pwofite nòt la tou pou l remèsye tout moun ki te soutni l depi premye pa li nan koze abitray rive jounen jodi a. Li mete aksan sou sipò li te jwenn nan men kòlèg li yo ak responsab ki te kontribye nan pwogrè karyè li.

Anplis, Carl-Henry kite yon mesaj ankourajman pou tout abit ayisyen yo, kit yo jèn, kit yo gen eksperyans, pou yo kenbe flanbo abit ayisyen an byen wo, malgre difikilte sektè a ap travèse.

Anons sa a vini nan yon kontèks kote abit la te sou yon koub pwogresyon enpòtan nan zòn CONCACAF la. Endisponiblite tanporè sa a ka gen enpak sou reprezantasyon Ayiti nan gwo konpetisyon rejyonal yo pou lane 2026 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou